Boutik ak market
- Ou jere
- Lavant, eskane pwodwi, enprime resi, verifye stock.
Sistèm POS tout-an-yon
Lavant, stock, kliyan, founisè, depans, anplwaye ak pwofi sou yon sèl platfòm.
Jodi a, nan anpil biznis:Yon kaye pou lavant.
Excel pou stock.
WhatsApp pou kòmand.
Yon lòt sistèm pou kliyan.
Epi nan fen mwa a, ou pa konnen kote lajan an pase.
Sispann chanje aplikasyon, kaye oswa fichye tout jounen. BPRO mete operasyon ou yo ansanm pou ou travay ak mwens dezòd, plis kontwòl ak pi bon enfòmasyon.
Pa kwè nou. Eseye l.
Klike sou pwodwi yo, chwazi fason kliyan an peye, epi peze Vann. Gade resi a soti, stock la desann, rapò jounen an mete l ajou.
Panye a vid. Klike sou yon pwodwi.
Resi a ap soti isit la.
Pwodwi, pri ak stock sa yo se egzanp pou demonstrasyon sèlman. Nan BPRO, ou mete pwodwi, sèvis ak pri pa ou.
Aplikasyon an ap tann ou
Gade sistèm nan ap mache sou demo a, gratis. Lè ou pare, peye plan ou epi n ap aktive kont biznis ou. Ou deja kliyan? Konekte ak kont ou.
Pwodwi. Sèvis. Stock. Kliyan. Lajan. Yon sèl sistèm ki adapte ak fason biznis pa ou fonksyone.


Pa sèlman gade kijan BPRO mache. Gade kijan li ka mache pou biznis pa ou.
Gade videyo yoZouti pou vann, òganize operasyon ou ak pran pi bon desizyon.
Chwazi yon abònman pou lojisyèl la. Si ou pa gen materyèl, ajoute yon kit BPRO. Chak plan gen konfigirasyon, fòmasyon ak sipò teknik.
15,000 GDES / ane
Pou ti biznis ki bezwen tout bagay esansyèl pou byen jere aktivite yo.
50,000 GDES / ane
Pou biznis k ap grandi ki bezwen plis kontwòl oswa plizyè lokal.
250,000 GDES / ane
Pou konpayi ki bezwen yon sistèm konplè pou jere operasyon yo.
25,000 GDES / ane
Pou lekòl, kolèj, inivèsite ak sant fòmasyon.
Pri final la depann de kalite biznis ou, kantite itilizatè, kantite branch ak modil ou bezwen. Pri an GDES yo se apwoksimasyon.
Ou pa oblije itilize tout modil yo premye jou a. Kòmanse ak sa ou bezwen epi ajoute plis pandan biznis ou ap grandi.
Lekòl BPRO
Yon fim konplè, 7 ti leson, ak 17 gid (youn pou chak meni), an Kreyòl. Gade yo, epi eseye menm bagay la nan aplikasyon an.
Si ou vann pwodwi, sèvis, oswa toude, BPRO gen plizyè zouti ki ka adapte ak operasyon ou. Mande yon demo pou nou montre ou yon konfigirasyon ki pi pre kalite biznis ou.
Non. BPRO ka sèvi restoran, gym, barbershop, salon, otèl, klinik, garaj, repair shop, faktori, distribitè ak lòt biznis sèvis.
Non. Si ou deja gen materyèl konpatib, ou peye sèlman abònman lojisyèl la: START 15,000, BUSINESS 50,000, CORPORATE 250,000 oswa EDUCATION 25,000 GDES pa ane.
Ou ka chwazi Mobile 7, POS Fixe 15.6 pous, POS Tablet 11 pous oswa Restaurant Mobile.
Wi. Nou ede ou konfigire sistèm nan epi fòme ekip ou pou itilize li.
Wi. BPRO ka jere pwodwi, sèvis, reparasyon, abònman ak lòt kalite tranzaksyon.
Wi. Ou ka kreye itilizatè ak diferan nivo aksè.
Wi. Plan BUSINESS (50,000 GDES / ane) gen plizyè lokal, epi CORPORATE gen branch san limit.
Wi. Ou ka itilize printer tèmik konpatib oswa yon aparèy ki gen printer entegre.
Wi, avèk modil Katalòg QR ak WhatsApp Ordering la.
Gen kèk modil ak fonksyon ki ka depann de plan, materyèl ak konfigirasyon biznis ou.
Konfigirasyon · Fòmasyon · Sipò · Demo a gratis, san obligasyon
Oswa ekri nou: WhatsApp +509 4383 0148 · support@pointofsales.fr