Tout biznis ou
sou yon sèl platfòm.

Lavant, stock, kliyan, founisè, depans, anplwaye ak pwofi. Senp, rapid, epi fèt pou biznis ann Ayiti.

Enstalasyon · Konfigirasyon · Fòmasyon · Sipò an Kreyòl

Imajine san BPRO

Twòp zouti. Twòp dezòd.

Anpil biznis travay ak kat oswa senk zouti ki pa pale ansanm. Nan fen mwa a, pèsonn pa konnen kote lajan an pase.

Jodi a, nan anpil biznis

  • ✗ Yon kaye pou lavant
  • ✗ Excel pou stock
  • ✗ WhatsApp pou kòmand
  • ✗ Yon lòt sistèm pou kliyan
  • ✗ Pa gen rapò pwofi ki klè

Yon sèl platfòm

  • ✓ Chak lavant anrejistre, resi enprime
  • ✓ Stock la desann poukont li
  • ✓ Kòmand WhatsApp rantre nan sistèm nan
  • ✓ Kliyan, kredi ak balans nan menm kote
  • ✓ Rapò lavant, depans ak pwofi chak jou
Pi bon fason pou travay

Vann pi vit. Konnen kote lajan ou pase.

Yon kès ki rapid, menm lè gen moun.

Fè lavant, eskane pwodwi, aksepte peman epi enprime resi. Sou òdinatè, tablèt oswa yon ti aparèy nan men ou.

  • Barcode pou diminye erè
  • Kach, kat, chèk, virement, oswa de metòd sou yon sèl vant
  • Kredi kliyan: konnen kiyès ki dwe ou
Plis sou POS →
Resi a soti touswit

Stock ou, menm lè ou pa la.

Konnen sa ki antre, sa ki soti, sa ki vann ak sa ki prèske fini. Swiv plizyè lokal sou yon sèl ekran.

  • Alèt lè yon pwodwi prèske fini
  • Transfè stock ant lokal yo
  • Inite: pyès, pake, kès
Plis sou Stock →
Sou telefòn ou tou

Kliyan ou kòmande sou WhatsApp.

Yon katalòg QR ak logo ak koulè biznis ou. Kliyan an eskane, chwazi, epi kòmand lan rive nan BPRO ak detay li ak adrès li.

  • QR code pèsonalize
  • Kòmand rantre kòm bouyon vant
  • Livrezon: livrè, estati, peman
Plis sou Kòmand WhatsApp →
Kòmand lan rive nan BPRO
Poukisa BPRO

Lojisyèl biznis, fèt byen.

Fèt pou Ayiti

Kreyòl ak fransè, goud ak dola, MonCash, NatCash ak labank. Sipò ak moun ki konprann reyalite biznis ou.

Kòmanse piti, grandi

Ou pa oblije itilize tout modil yo premye jou a. Kòmanse ak sa ou bezwen, ajoute plis lè biznis la grandi.

Chak moun, aksè pa l

Bay chak anplwaye aksè sèlman ak sa li bezwen. Kesye vann, manadjè wè rapò, ou menm ou wè tout.

Rapò ki klè

Lavant, depans, stock ak pwofi. Pran desizyon ak chif, pa ak sa w panse.

Materyèl pare

Ou pa gen materyèl? Pran yon kit BPRO ak printer entegre. Ou genyen deja? Ou jis bezwen lojisyèl la.

Aprann an Kreyòl

Fim konplè, leson kout ak yon gid videyo pou chak meni nan aplikasyon an.

Pri

Yon pri klè, chak ane.

Chak plan gen konfigirasyon, fòmasyon ak sipò teknik.

START

15,000 GDES / ane

Pou ti biznis ki bezwen tout bagay esansyèl.

  • Lavant ak resi
  • Stock ak depans
  • Kliyan ak anplwaye
  • 1 lokal, jiska 5 itilizatè
Chwazi START
PI POPILÈ

BUSINESS

50,000 GDES / ane

Pou biznis k ap grandi, ak plizyè lokal.

  • Tout sa ki nan START
  • Plizyè lokal
  • Plis pase 5 itilizatè
  • Rapò avanse
  • Sipò priyoritè
Chwazi BUSINESS

CORPORATE

250,000 GDES / ane

Pou konpayi ki bezwen yon sistèm konplè.

  • Tout sa ki nan BUSINESS
  • Branch ak itilizatè san limit*
  • Website / WooCommerce
  • API ak entegrasyon
  • Sipò dedye
Chwazi CORPORATE

EDUCATION

25,000 GDES / ane

Pou lekòl, kolèj, inivèsite ak sant fòmasyon.

  • Elèv ak pwofesè
  • Klas ak pwogram
  • Peman eskoladite
  • Nòt ak kanè
Chwazi EDUCATION
Mobile 7$250 USD
POS Fixe 15.6"$350 USD
POS Tablet 11"$450 USD
Restaurant$500 USD

Pri final la depann de kalite biznis ou, kantite itilizatè, branch ak modil. Materyèl se yon sèl peman. Kòmande yon kit →

Fim konplè: yon jounen konplè ak BPRO POS

Lekòl BPRO

Aprann BPRO an videyo.

Yon fim konplè, 7 ti leson, 17 gid (youn pou chak meni) ak yon fim pou chak tip biznis, an Kreyòl.

Kesyon

Kesyon moun poze.

Kijan pou m kòmanse?

Klike sou Eseye kounya, chwazi aplikasyon ou bezwen yo, epi kreye kont biznis ou. Ou kòmanse itilize sistèm nan ak pwòp done biznis ou.

Èske m ka wè BPRO anvan?

Wi. Sou demo.pointofsales.fr ou ka antre nan yon kont demo pou kalite biznis ou, gratis. Se sèlman pou gade: biznis ou travay nan pwòp kont pa l.

Ki jan m peye abònman an?

Ak MonCash, NatCash oswa transfè labank. Apre peman an, n ap aktive kont biznis ou.

Èske m bezwen achte materyèl?

Non, si ou deja gen yon òdinatè, tablèt, printer oswa terminal POS konpatib. Si ou pa genyen, ou ka pran yon kit BPRO.

Èske BPRO mache pou plizyè lokal?

Wi. Plan BUSINESS ak CORPORATE pèmèt ou swiv lavant, stock ak ekip nan plizyè lokal, epi transfere stock ant yo.

Èske nou fè fòmasyon?

Wi. Chak plan gen enstalasyon, konfigirasyon, fòmasyon ak sipò teknik. Gen videyo an Kreyòl tou pou chak meni.

Pran kontwòl biznis ou jodi a.

Chwazi aplikasyon ou bezwen yo, kreye kont biznis ou epi kòmanse jodi a.

Ou vle wè l anvan? Gade demo a →